Accessibility links

Breaking News

Pap Franswa ap Reflechi sou Soufrans Pèp Ayisyen an


Pope Francis delivers his message as he meets with young people in front of the Church of the Salute in Venice, April 28, 2024.
Pope Francis delivers his message as he meets with young people in front of the Church of the Salute in Venice, April 28, 2024.

Pap Franswa, ki te pale devan plizyè milye moun ki te rasanble sou plas Sen Mak nan vil Veniz ann Itali, di li ap reflechi sou soufrans pèp Ayisyen an.

Pap la deklare : "Popilasyon an dezespere akòz sistèm swen sante a ki kraze, mank manje, ak vyolans ki fòse moun kouri kite kay yo."

Li di tou li espere nouvo Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl la ap ka ede Ayiti jwenn "lapè ak estabilite ke li bezwen ann ijans".

Pap la pale tou sou enkyetid li pou konfli Ikrèn nan, ak vyolans nan Gaza.

Li di fidèl yo: “Tanpri, pa bliye priye pou mwen, paske travay sa a pa fasil!”

XS
SM
MD
LG