Accessibility links

Breaking News

LaRisi: Yon Dronn Ikrèn Mete Dife nan yon Rafinri Petwòl


Ukraine Arms Corruption
Ukraine Arms Corruption

Otorite nan sidwès LaRisi di ayè jedi a yon dronn Ikrèn mete dife nan yon rafinri petwòl.

Vasily Golubev, gouvènè rejyon Rostov-on-Don, di sou Telegram ke atak la frape rafinri Novo-shakhtinsk e ke travay te sispann ladan.

Nan rejyon Belgorod, Gouvènè Vyacheslav Gladkov fè konnen yon dronn Ikrèn ki eksploze frape yon depo petwòl nan Stary Oskol. Yon lòt atak dronn donmaje yon biznis agrikilti nan Belgorod, dapre Gladkov.

Prezidan franse Emmanuel Macron di LaFrans pwal founi Ikrèn avyon djèt konba Mirage 2000-5. Pilòt ikrenyen yo pwal resevwa antrènman an Frans, dapre sa li di ankò nan yon entèvyou sou televizyon franse.

Macron di djèt konba-yo pwal « pèmèt Ikrèn pwoteje tè li, espas li » anba atak ris yo.

XS
SM
MD
LG