Accessibility links

Breaking News

Putin Menase pou li Bay lòt Peyi Zam Pou Frape Enterè Loksidan


Uzbekistan Russia
Uzbekistan Russia

Prezidan Ris Vladimir Putin menase pou l bay lòt peyi zam pou frape enterè Lwès la si Lwès pèmèt Ikrèn frape Larisi ak misil long distans li yo.

"Si yon moun konsidere li posib pou bay zam sa yo nan zòn konba a pou frape teritwa nou an (...) poukisa nou pa ta gen dwa pran menm kalite zam sa yo ke nou pwodui, e bay yo nan kèk rejyon nan mond lan kote yo pral frape enterè sansib peyi ki aji kont Larisi", se deklarasyon Vladimir Putin nan yon reyinyon ak ajans laprès yo, pami yo AFP.

XS
SM
MD
LG