Accessibility links

Breaking News

Putin Di sa "pa Fè okenn Diferans" pou Larisi ki Kandida ki Genyen Eleksyon Etazini an


In this pool photograph distributed by Russian state agency Sputnik, Russia's President Vladimir Putin speaks with heads of International news agencies in Saint Petersburg on June 5, 2024.
In this pool photograph distributed by Russian state agency Sputnik, Russia's President Vladimir Putin speaks with heads of International news agencies in Saint Petersburg on June 5, 2024.

Prezidan Ris Vladimir Putin di Mèkredi 6 Jen an ke li p ap fè "okenn diferans" pou Larisi si Joe Biden oswa Donald Trump ta genyen eleksyon prezidansyèl Etazini ane sa a.

Prezidan Ris Vladimir Putin di tou akizasyon pou fwòd biznis kont ansyen prezidan Trump la gen motivasyon politik dèyè li e ke kondanasyon sa "kraze lide" ke Washington se yon gwo demokrasi.

Semèn pase, Trump te tounen premye ansyen chèf eta ameriken ki jwenn kondanason pou yon krim apre yon jiri New York te jwenn li koupab anba 34 akizasyon.

Putin di nan yon reyinyon ki pase sou televizyon kote li te rankontre ak reprezantan ajans nouvèl etranje

"Pa gen dout nan tout mond lan ke desisyon jistis kont Trump la ... se tou senpman sèvi ak sistèm jistis la nan yon lit ant 2 pati politik."

Nan konferans pou laprès la yo mande Putin ki sa yon viktwa pou youn nan kandida yo ta vle di pou relasyon Etazini ak Larisi, Putin di: "An jeneral, pa gen okenn diferans."

XS
SM
MD
LG