Accessibility links

Breaking News

Larisi: 1 Moun Pèdi lavi l e 90 blese nan kolizyon 2 ti Tren nan Siberi, nan Peyi Larisi


TOTW-EV/TECHNOLOGY
TOTW-EV/TECHNOLOGY

Yon moun mouri epi 90 lòt blese Jedi nan yon kolizyon espektakilè 2 ti tren nan vil ris Kemerovo nan Siberi, dapre otorite lokal yo.

Aksidan an fèt byen bonè nan maten lè yon ti tren te pèdi kontwòl pandan li t ap desann yon pant mòn.

Dapre imaj ki pase sou chèn televizyon piblik Ris, tren an ki t ap woule ak tout boulin, glise tonbe anba mòn nan men li pa deraye.

Pòt tren an yo chire nan aksidan an epi plizyè pasaje soti tonbe nan fenèt yo.

Tren an al frape yon lòt ti tren ki t ap ranmase pasaje nan yon estasyon nan vil la ki gen plis pase 540,000 moun.

Aksidan an lakoz lanmò 1 moun e gen omwen 90 lòt ki blese, pami yo 5 timoun, dapre yon responsab lokal nan Ministè Sante, Alexeï Kuznetsov, ke ajans Interfax site nan repòtaj li.

Majistra Kemerovo a, Dmitri Anissimov, di ke youn nan blese yo mouri lopital, "malgre tout efò doktè yo" te fè, e li asire ke lavi lòt blese ki entène lopital yo pa t 'an danje.

XS
SM
MD
LG