Accessibility links

Breaking News

Blinken di Washington Apwouve demann Ikrèn pou li Itilize Zam Ameriken andan Larisi


Czech Republic NATO US Blinken
Czech Republic NATO US Blinken

Sekretè Deta Ameriken Antony Blinken konfime vandredi 31 Me ke Prezidan Joe Biden dakò pou Ikrèn itilize zam ameriken pou vize teritwa Larisi, pandan Ris yo ap atake vil Kharkiv nan Ikrèn, apre Kyiv te mande otorizasyon Washington nan semèn ki pase yo pou fè sa.

Blinken, ki t ap pale nan yon konferans pou laprès nan Prag, kapital peyi Tcheki, apre yon reyinyon ki pa ofisyèl ant minis afè etranjè Òganizasyon Trete Nò Atlantik la yo, di ke desizyon Washington nan, yon chanjman enpòtan nan politik Biden, se rezilta estrateji Etazini pou ajiste li epi adapte ak sa kap pase sou chann batay la.

Blinken di ke yon somè Òganizasyon Trete Nò Atlantik ki pwal dewoule nan Washington, pwal "tabli yon pon" pou mete Ikrèn pi pre ak posiblite pou li antre nan alyans lan, epi tou prezante yon "antant solid" pou sipòte Kyiv.

Yon lòt kote, Blinken reponn kesyon sou sitiyasyon imanitè a nan Gaza, kote li di pa gen ase distribisyon èd akoz batay ki ap dewoule nan sid la.

Li kontinye pou li di ke Etazini ap travay anpil pou reponn bezwen sivil yo nan Gaza.

XS
SM
MD
LG