Accessibility links

Breaking News

Etazini Bay Ikrèn Pèmisyon Pou Itilize Zam Ameriken Andan Larisi


Foto Achiv: Imaj sa a ke 3em Brigad Aso Ikren nan montre yon solda Ikrenyen kap tire yon mitrayet kont pozisyon Ris yo tou pre Andriivka, Donetsk, 27 Out, 2023.
Foto Achiv: Imaj sa a ke 3em Brigad Aso Ikren nan montre yon solda Ikrenyen kap tire yon mitrayet kont pozisyon Ris yo tou pre Andriivka, Donetsk, 27 Out, 2023.

Etazini anonse ayè jedi a ke li bay Ikrèn pèmisyon pou sèvi ak zam ameriken pou vize LaRisi men sèlman toupre Kharkiv, 2èm vil Ikrèn.

Desizyon sa a make yon gwo chanjman nan politik Etazini. Anvan sa, Prezidan Joe Biden te refize bay Ikrèn pèmisyon pou sèvi ak zam ameriken pou tire andan teritwa LaRisi.

Fòs ris yo bonbade yon bilding apatman 5 etaj nan vil la yè swa. 3 moun pou pi piti pèdi lavi e 16 lòt blese, pami yo 2 timoun, dapre Gouvènè rejyon an Oleh Snyiehubov.

XS
SM
MD
LG