Accessibility links

Breaking News

Afrik di Sid: Popilasyon an Koumanse Vote


South Africa Election
South Africa Election

Elektè nan Afrik di Sid koumanse vote jodi mèkredi a nan yon eleksyon ki parèt kòm vòt ki pi enpòtan pou peyi a depi 30 lane, epi youn ki ka voye jenn demokrasi peyi a nan yon wout ki nouvo pou li.

Sa ki konte nan eleksyon an, se dominasyon pati Kongrè Nasyonal Afriken an (ANC) depi 3 dizèn lane, ki te rale Afrik di Sid an 1994 wete li anba rejim aparted ke yon minorite brital te tabli nan peyi a. Kounye a ANC anba atak yon nouvo jenerasyon ki pa kontan ak sityasyon peyi a ki gen 62 milyon moun, kote mwatye nan yo ap viv nan mizè.

Ekonomi ki pi avanse ann Afrik la gen kèk nan pwoblèm sosyal ak ekonomik ki pi grav nan mond la, antwòt youn nan pi move pousantaj chomè, ki se 32 pousan.

Inegalite a ki pa chanje nan peyi a, kote mizè ak chomaj afekte sitou majorite Nwa a, sa menase pou dechouke pati a ki te pwomèt pou mete fen nan aparteid la, ak slogan li ki se yon lavi miyò pou tout moun.

XS
SM
MD
LG