Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Sanksyon Nasyonzini Pran kont Chèf Gang yo Pa Gen Gwo Enpak


Jimmy "Barbecue" Cherizier leads a march against Prime Minister Ariel Henry, in Port-au-Prince
Jimmy "Barbecue" Cherizier leads a march against Prime Minister Ariel Henry, in Port-au-Prince

Yon rapò ekspè ki gen manda pou kontwole enpak sanksyon Nasyonzini yo kont plizyè lidè gang ann Ayiti "trè limite", e aplikasyon anbago sou zam kap antre an Ayiti "fèb".

Nan mwa Oktòb 2022, Konsèy Sekirite Nasyonzini an te deside tabli yon rejim sanksyon tankou (entèdiksyon vwayaj, bloke byen yo, mete anbago sou zam), rapò sa te vize sèlman yon sèl lidè gang, Jimmy Chérizier, ke tout moun konnen sou non "Barbecue".

Lis la kounye a gen ladan 5 lidè gang, pami gang nasyonzini konsidere kòm pi pwisan ki ravaje peyi a.

Nan mwa Oktòb ane pase, Konsèy la te enpoze tou yon anbago jeneral sou zam ak minisyon ki prale ann Ayiti.

Dapre rapò sa ki parèt Jedi sou peryòd mwa Novanm 2023 jiska Fevriye 2024, konsènan sanksyon sou lidè gang yo, ekspè ki gen manda Konsèy la kwè ke efè yo "rete ekstrèmman limite, paske lidè gang yo toujou kontinye aktivite yo, e sanksyon sa yo pa vrèman rive sou yo."

Lidè gang sa yo "kontinye bati asenal yo, laji kontwòl yo sou teritwa a epi rekrite plis manm, malgre sanksyon ke Konsèy la mete sou yo".

Konsènan anbago jeneral sou zam kap antre ann Ayiti "pwosesis la fèk kòmanse" e aplikasyon li a "rete fèb, akoz resous limite ki disponib pou aplike li ann Ayiti ak nan rejyon an Karayib la."

"Gang ak lòt aktè ki pa leta kontinye jwenn zam ak minisyon nan kontrebann", sitou nan Etazini ak Dominikani, e yo site entèvyou yo ak lapolis ayisyen ki konfime ke "gang yo pa sanble manke minisyon. ”

Ekspè yo plenyen pou di "Aktè ki ta dwe aplike anbago a, sitou lapolis ak dirijan ladwàn yo, pa byen konnen sa ki ladann."

XS
SM
MD
LG