Accessibility links

Breaking News

Leslie Voltaire: “Anvan Konsèy Prezidansyèl la Enstale Lapolis la Dwe Rezoud Pwoblèm Ensekirite a”


Leslie Voltaire: “Anvan Konsèy la Enstale Lapolis la Dwe Rezoud Pwoblèm Ensekirite a”
Leslie Voltaire: “Anvan Konsèy la Enstale Lapolis la Dwe Rezoud Pwoblèm Ensekirite a”

Reprezantan pati Fanmi Lavalas la Leslie Voltaire di nan yon entèvyou ak AFP li espere ke konsèy prezidansyèl tranzisyon Ayiti a "pral chita nan Palè Nasyonal" semèn sa a.

Li deklare nan pale sa ak jounalis AFP a "Pwoblèm nan sè ke nou sot pase 2 ane edmi ak Ariel Henry nan tèt peyi a ki pa te regle anyen, epi kounye a nan 2 semèn yo vle fè anpil bagay (...)"

Mesye Voltaire kontinye pou di, « e mwen panse ke jodi a nou fini ak koze a, e mwen panse ke Jedi dekrè a ap pare epi nou pral ka enstale nan Palè a”.

Anons pou mete sou pye Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an te fèt 11 Mas pase, apre rankont ant reprezantan ayisyen ak reprezantan plizyè peyi ak Kominote Karayib la (Caricom).

Sepandan, Msye Voltaire deklare ke anvan konsèy prezidansyèl tranzisyon an enstale, "lapolis dwe rezoud pwoblèm ensekirite a", yon jou apre yon nouvo atak te fèt sou Palè Nasyonal la.

XS
SM
MD
LG