Accessibility links

Breaking News

Depite Greg Meeks: 'Nou Paka Kite Gang Pran Kontwòl Ayiti'


Foto Achiv: Depite Ameriken Gregory Meeks (Demokrat Nouyok), Direkte Komite Lachanm kap travay sou Zafe Etranje.
Foto Achiv: Depite Ameriken Gregory Meeks (Demokrat Nouyok), Direkte Komite Lachanm kap travay sou Zafe Etranje.

Nan yon entevyou ak VOA, Depite Demokrat Greg Meeks ki reprezante Nouyòk nan Lachanm Depite Etazini, eksprime kè sote li pou sakap pase an Ayiti.

Meeks se yon manm wo plase Komisyon Lachanm ki travay sou Zafè Etranje.

"Nou paka kite gang ke sanble (Guy) Philippe ak Barbecue ap dirije pran kontwòl (Ayiti). Nou paka kite yo kontwole (peyi a)."

Depite Gregory Meeks: 'Nou Paka Kite Gang Pran Kontwòl Ayiti'
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:11 0:00

Meeks di VOA li kwe li esansyel pou voye fòs miltinasyonal la epi mete an plas you gouvènman tranzisyon.

"Li esansyèl pou nou fè sa pi vit posib. Demen, apre demen!"

Pa rapò ak Premye Minis Ariel Henry, Depite Meeks di li pa ta dwe tounen Ayiti.

"M kwè li pi enpòtan ke jamè pou nou voye fòs miltinasyonal la pou retabli lapè, asire pò yo rete ouvè, pwoteje palè prezidansyèl la e li enpòtan tou pou yo deside kiyès kap fè pati gouvènman pwovizwa a. Pou ke yon moun okipe palè prezidansyèl la e pa pou premye minis aktyèl la tounen. Paske sa pap ede pèp Ayisyen an. Sa pral pwobableman lakoz plis moun mouri ak (koze) plis dezòd."

Depite Gregory Meeks: PM Ariel Henry Pa ta Dwe Tounen Ayiti
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:44 0:00

Depite Meeks di li rekonèt Henry pat eli, men fòk yo respekte sa konstitisyon Ayiti di sou sa.

Misye di VOA tou ke li te patisipe nan rankont ak manm CARICOM yo, manm gwoup Akò Montana epi opozisyon an ak sosyete sivil la sou kijan Ayiti ka avanse.

"Map travay depi plis pase 72 zè ak CARICOM paske fòk nou kowòdone apwòch nou ak CARICOM e nap travay ansanm pou jwenn yon solisyon. Nou pale ak manm Gwoup Montana a, nap pale ak pati prenant yo, ak Ayisyen Ameriken epitou Ayisyen an Ayiti pou yo ka pran desizyon an - pou ke se pa Etazini kap enpoze - pou se pa Gregory Meeks kap enpoze - men pito kore moun kap viv Ayiti pou asire sityasyon an amelyore. Nap ba yo pouvwa pou fè sa."

Meeks souliyen lap koute sa Ayisyen di l olye li chache dikte sa yo ta dwe fè.

"Se sèl fason pou gen yon gouvènman elektora Ayisyèn nan apwouve, fè konfyans epi respekte. M kwè pi bon bagay mwen ka fè pou Ayiti se koute sa Ayisyen ap di."

Depite Demokrat Gregory Meeks reprezante 5em Distri Nouyòk nan Lachanm. Li se moun Kawolin di Sid, men li abite nan katye Harlem. Li te pale ak koleg nou Celia Mendoza Jedi swa, nan kad kouveti VOA sou diskou "Eta Nasyon" Prezidan Joe Biden nan.

XS
SM
MD
LG