Accessibility links

Breaking News

Lame Amerikèn Voye Twoup an Ayiti pou Sekirize Anbasad li nan Pòtoprens


Foto Achiv: Jandam Ayisyen veye Anbasad Etazini nan Potoprens, 29 Avril, 2019.
Foto Achiv: Jandam Ayisyen veye Anbasad Etazini nan Potoprens, 29 Avril, 2019.

Lame peyi Etazini fè konnen Dimanch li voye twoup nan peyi d Ayiti pou sekirize anbasad Amerikèn Pòtoprens la epi evakye pèsonèl ki non-esansyèl yo.

Yon avyon lame Amerikèn ateri nan lakou anbasad la, dapre sa Kòmandman Sid Etazini anonse. Li di jefò a gen ladann elikoptè. Kòmandman an te souliyen ke "pat gen okenn Ayisyen abò avyon militè a." Sanble sete yon tantativ pou demanti bwi kap kouri pou di kòm kwa wo responsab gouvènman Ayisyen an ap kite peyi a nan moman zak vyolans gang yo ap vinn pi grav.

Gang ame yo kontwole pou pi fò, katye kote anbasad la sitye nan Pòtoprens.

Deklarasyon Komandman Sid la

Deklarasyon Komandman Sid la di: "Pon ayeryen se pou transpòte pèsonèl nan anbasad la epi soti anbasad la ann akò ak mezi sekirite nou yo ki ogmante toupatou nan mond lan. Okenn Ayisyen pat abò avyon militè a.

Nan anpil ka, pèsonèl non-esansyèl vle di fanmi diplomat yo, men anbasad la te deja pase lòd pou tout pèsonèl non-esansyèl ak fanmi yo kite Ayiti depi mwad Jiyè a. Pèsonèl ke yo transpòte soti nan anbasad la se kapab anplwaye ke manda yo fini, epi nouvo ranplasman yo.

Deklarasyon ki pibliye Dimanch la di Etazini rete fokalize sou ede lapolis Ayiti epi fè aranjman pou yon espèz de deplwaman sekirite ke LONU otorize. Men jefò sa yo pa ranpòte siksè jiskaprezan.

Anpil Kestyon ap Poze sou Kisa PM Ayisyen Ariel Henry Pral Fè
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:11 0:00

PM Ariel Henry anba syèj

Premye Minis Ayisyen an, Ariel Henry, ki anba syèj - vwayaje nan peyi Kenya sa pa gen lontan pou ede avanse jefò pou deplwaye fòs polis Kenya a pou dirije misyon miltinasyonal ki pral goumen ak gang yo. Men yon tribinal Kenyan deside nan mwad Janvye a ke yon deplwaman konsa ta vyole konstitisyon peyi a.

Henry ap fè fas ak apèl pou l demisyonen epi fome yon konsèy tranzisyon. Li paka tounen Ayiti. Li te rive Pòtoriko Madi pase a apre avyon li pat kapab ateri nan Repiblik Dominikèn.

Abinader: Repiblik Dominikèn Pap Tabli Kan Refije pou Ayisyen
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:23 0:00

Repiblik Dominikèn di Henry Pa Byenvini Lakay li

Samdi, Prezidan Dominiken Luis Abinader te pibliye yon deklarasyon kote li di "Henry pa byenvini nan Repiblik Dominikèn pou rezon sekirite." Repiblik Dominikèn fèmen fwontyè li ak Ayiti.

Deklarasyon gouvènman Dominiken an pibliye di: "Etan done sityasyon aktyèl la, prezans premye minis Ayisyen an nan Repiblik Dominikèn pa apwopriye. Desizyon sa a reflete pozisyon fèm gouvènman Dominiken an pou l pwoteje sekirite nasyonal li ak stabilite peyi a."

Deklarasyon an dekri ensekirite a an Ayiti kòm "konplètman ensoustenab" e li di ke sa "poze yon menas dirèk pou sekirite ak stabilite Repibik Dominikèn."

Deklarasyon an predi "sityasyon an taka deteryore pi plis toujou si yo pa deplwaye yon fòs mentyen lapè ijaman pou retabli lòd la."

Demach CARICOM

Lidè Karayibeyen yo òganize yon rankont dijans Lendi nan La Jamayik pou diskite sou sa yo dekri tankou "sityasyon terib" Ayiti. Yo envite Etazini, La Frans, Kanada, Nasyonzini ak Brezil pou asiste rankont la.

Manm blok rejyonal komès CARICOM nan ap eseye depi pizyè mwa pou yo pran tèt aktè politik Ayisyen yo pou yo antann yo sou yon gouvènman inite tranzisyon.

CARICOM deklare Vandredi ke malgre lidè rejyonal yo pran angajman pou kontinye eseye ankouraje opozisyon Ayisyèn nan ak sosyete sivil la antann yo sou yon gouvènman inite "pati prenant yo poko fè sa yo dwe fè".

CARICOM di: "Nou konprann trè byen bezwen ijan ki egziste pou jwenn yon konsansis. Nou souliyen pou tout pati yo ke lè ap kouri pa rapò ak yon antant sou kijan pou avanse. Dapre rapò nou resevwa, sityasyon an nan peyi d Ayiti rete terib e sa ba nou gwo kè sote."

Eleksyon 2025?

Nan mwad Fevriye a, Henry te deklare li dakò pou òganize eleksyon nan mitan ane 2025 la, e kominote entènasyonal la eseye jwenn peyi etranje pou kontribye a fòs miltinasyonal ki pral jere zak vyolans gang yo.

CARICOM ankouraje Henry tou pou l anonse yon gouvènman konsansis kote yo ta pataje pouvwa a ann atandan, men premye minis la poko fè sa. Pandansetan, opozisyon an ak sosyete sivil la ap mande demisyon l.

Henry se yon nerològ ke Prezidan Jovenel Moise te nomen premye minis nan mwad Jiyè 2021 anvan li te mouri asasinen.

Li poko klè si Henry pral vwayaje Jamayik pou rankont CARICOM nan.

XS
SM
MD
LG