Accessibility links

Breaking News

Prezidan Joe Biden lanse pawol sevè kont lidè Izrayèl yo


Biden Announces Drastic Gaza Aid Measure, Warns Against Trump in State of Union Address
Biden Announces Drastic Gaza Aid Measure, Warns Against Trump in State of Union Address

Nan diskou sou Eta Nasyon an, Prezidan Joe Biden lanse pawol sevè kont lidè Izrayèl yo, kote li di ke yo pa dwe bloke èd imanitè pou Palestinyen pou rezon politik.

Li di lagè Izrael nan Gaza a touye plis moun pase tout lagè Gaza yo konbine ansanm. Li di ke 30.000 moun ki tonbe yo, pifò nan yo se inosan ki pa Hamas. Li ajoute ke timoun ki rete yo tounen òfelen e ke yo menm ak tout rès popilasyonan paka jwenn ni manje ni medikaman ni dlo.

Biden anonse ke lame Etazini pwal ede tabli yon warf militè tanporè nan lanmè Mediterane sou kot Gaza, sa ki, dapre sa li di, pwal akselere antre èd imanitè sou teritwa a ki aba syèj.

Li di pa pwal gen solda ameriken sou teren an, e ke lame-a pwal rete deyò pou tabli enstalasyon yo.

XS
SM
MD
LG