Accessibility links

 
Biwo dwa Nasyonzini yo di ekspansyon koloni Izrayelyen nan zòn Palestinyen yo se yon "krim lagè"
Breaking News

Biwo dwa Nasyonzini yo di ekspansyon koloni Izrayelyen nan zòn Palestinyen yo se yon "krim lagè"


Foto Achiv: Volker Turk, Wo Komise Nasyonzuni pou Dwa Moun.
Foto Achiv: Volker Turk, Wo Komise Nasyonzuni pou Dwa Moun.

GENEVA (AP) — Biwo dwa moun Nasyonzini an di nan yon rapò ke konstriksyon ak ogmantasyon koloni Izrayelyen nan Sisjòdani ak nan lès Jerizalèm rive nan nivo krim lagè.

Rapò a kouvri peryòd yon ane jiska oktòb 2023, lè li di apeprè 24,300 inite lojman nan koloni ki egziste deja nan Sisjòdani rive nan nivo "avanse" – se chif ki pi wo nan yon ane depi siveyans te kòmanse fèt an 2017 sou sitiyasyon an.

Biwo dwa a di ke pèp Izrayèl la transfere pwòp popilasyon l nan teritwa li okipe yo, sa ki se yon krim lagè dapre lwa entènasyonal yo.

XS
SM
MD
LG