Accessibility links

Breaking News

Diskou Sou Eta Inyon an: Biden Atake Vizyon Prezidan Trump pou Etazini


APTOPIX State of the Union
APTOPIX State of the Union

Nan Diskou sou Eta Inyon an oubyen eta Nasyon an, Prezidan Joe Biden atake vizyon ansyen Prezidan Donald Trump pou Etazini, kritike Izrayèl, e gen moun nan piblik ki te prezan-an ki te defye l sou kesyon imigrasyon.

Sou imigrasyon, se Depite Repibliken nan Kongrè Etazini an Marjorie Taylor Green, yon alye Trump, ki te pale fò pou konteste pawol prezidan an. Biden te kite tèks ki te devan li a pou li pale de Laken Riley, yon dam 22 lane, moun eta Jòji, ki te nan lekol enfimyè, e ki, dapre akizasyon, ta mouri asasinen, mwa pase, anba men yon imigran san papye ke yo te lage nan prizon sou pawol.

Repibliken yo kenbe lanmò Riley a kòm yon senbol pou moutre echèk Demokrat yo sou kesyon an.

« Ou ap pale de Laken Riley, di non-li! » se konsa Greene te pale byen fò lè li te entèwonp Biden.

Biden te repete non Riley, e di sete yon dam inosan ke yon ilegal te touye. Men li di gen dè milye moun ki mouri anba men rezidan ameriken « legal », e apre sa li te voye senpati li bay fanmi Riley.

XS
SM
MD
LG