Accessibility links

Breaking News

Depite Nouyòk Adriano Espaillat: 'Natirèlman Wi Nou Preokipe (Pou Sityasyon Ayiti)'


Depite Dominiken Ameriken Adriano Espaillat: 'Natirèlman nou Preokipe (pou Sityasyon Ayiti)'
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:18 0:00

Depite Dominiken Ameriken Adriano Espaillat: 'Natirèlman nou Preokipe (pou Sityasyon Ayiti)'

Nan yon entevyou ak VOA Espayòl, Depite Demokrat Nouyòk, Adriano Espaillat, anvan diskou sou Eta Nasyon Prezidan Joe Biden nan, misye eksprime kè sote li pa rapò ak sityasyon Ayiti.

"Natirèlman wi nou preokipe (pou sityasyon Ayiti)," Depite Espaillat di VOA, "se yon sityasyon ensoustenab. Repiblik Dominikèn nan dwa li pou l pwoteje fwontyè li, epi krenn pou gang ame yo pa rive sou teritwa Dominiken tou. Se pou rezon sa a le mond dwe aji pi vit posib."


Espaillat se premye Dominiken Ameriken ki janm okipe yon syèj nan Lachanm Depite Etazini. Distri li jere a gen ladann Harlem. Misye se tou premye migran ki te antre Etazini san papye ki rive eli nan Kongrè a.

Misye se moun Santiago de los Caballeros, nan Repiblik Dominikèn.

XS
SM
MD
LG