Accessibility links

Breaking News

Pi Gwo Diplomat Ris la Di Etazini, Kore di Sid ak Japon ap Prepare Lagè Kont Kore di Nò


North Korea Russia
North Korea Russia

NASYON ZINI (AP) — Pi gwo diplomat Larisi a akize Etazini, Kore di Sid ak Japon kòmkwa yo ap prepare pou fè lagè ak Kore di Nò.

Minis Zafè Etranje Sergey Lavrov deklare nan yon konferans pou laprès Nasyonzini Mèkredi ke nouvo blòk militè sa a ke Etazini rasanble ap moute aktivite militè epi fè gwo ekzèsis militè.

Li deklare ke toudenkou Kore di Sid vin ap fè deklarasyon "pi mechan kont Pyongyang".

"Nan Japon tou, nou tande diskou agresif" epi dirijan yo ap pale seryezman sou kesyon mete kanpe enfrastrikti Òganizasyon Trete Nò Atlantik la, ak asistans Etazini.

Lidè Kore di Nò a Kim Jong Un ap fè yon seri tès zam epi fè menas ki, dapre loksidan, moute tansyon nan rejyon an.

Semèn pase, 3 alye yo te fè egzèsis naval.

XS
SM
MD
LG