Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò Teste yon Sistèm Zam Nikleyè Anba Dlo

(FILES) This undated picture released by North Korea's official Korean Central News Agency (KCNA) on December 19, 2023 shows North Korean leader Kim Jong Un (L) and his daughter watching the test launch of a Hwasongpho-18 intercontinental ballistic missil

Otorite Kore di Nò teste yon sistèm zam nikleyè anba dlo, yon fason pou pwoteste kont ekzèsis militè ke Kore di Sid ap fè, semenn sa a, ansanm ak Etazini ak Japon, se sa media KCNA di jodi vandredi a.

Sistèm Haeil-5-23, se non Kore di Nò bay dronn atak li yo pou anba dlo, ke ministè defans la teste nan dlo sou kot ès li, se sa nouvèl-la di san presize ki dat tès la te fèt.

« Lamarin 3 peyi yo te fè ekzèsis òdinè pandan 3 jou, semenn sa a, ansanm ak pòtavyon ameriken Carl Vinson, nan kad efò pou amelyore repons yo pou menas nikleyè ak misil Pyongyang yo ki ap evolye, » se sa pòtpawol ministè defans Kore di Nò a di nan yon kominike, dapre KCNA.

XS
SM
MD
LG