Accessibility links

Breaking News

Gouvènè Texas Voye Plizyè Santèn Imigran nan Eta Illinois


A Venezuelan migrant walks to board a repatriation flight, as a part of an immigration enforcement process, at the airport in Harlingen, Texas, U.S., Oct. 18, 2023.
A Venezuelan migrant walks to board a repatriation flight, as a part of an immigration enforcement process, at the airport in Harlingen, Texas, U.S., Oct. 18, 2023.

Plizyè santèn imigran ki soti nan eta Texas nan avyon te debake nan Rockford, Illinois byen bonè premye jou ane a (01 janvye 2024), pandan ke otorite Texas kontinye politik yo pou voye moun k ap chèche azil nan vil ke lidè Demokrat ap dirije.

Yon avyon Boeing 777 ki te gen ladan li 355 imigran te ateri vè 1 nan maten nan Ayewopò Entènasyonal Chicago Rockford. Dapre medya lokal yo migran te monte nan bis charter apre sa.

Gouvènè Texas Greg Abbott te defann kanpay li ap menen pou jere migran yo apre li te voye plizyè milye imigran nan vil Demokrat ap dirije yon fason pou mete presyon sou demokrat yo akoz sitiyasyon sou vil fwontyè li yo.

Texas te di ke li vize Chicago, ki se yon "vil sanktyè".

Rezon ki fè se Texas mete migran yo nan avyon se pou reponn ak lwa ke vil Chicago mete sou pye kote yo fè chofè ak konpayi otobis yo peye amann si yo depoze imigran lakay yo san avètisman.

XS
SM
MD
LG