Accessibility links

Breaking News

Meksik ak Venezyela Rekòmanse Vòl Rapatriman Migran kap Eseye Antre Ozetazini


Migran rasanble devan legliz Santa Cruz y La Soledad nan Meksiko Siti, Madi 26 Desanm, 2023.
Migran rasanble devan legliz Santa Cruz y La Soledad nan Meksiko Siti, Madi 26 Desanm, 2023.

Meksik ak Venezyela di yo reprann vòl pou rapatriye migran Venezyelyen ki o Meksik yo.

Anons la Samdi se dènye mezi otorite 2 peyi yo anonse nan kad jefò yap fè pou redui kantite mitran ki pran direksyon nò a pou travèse antre Ozetazini.

Nouvèl la rive tou nan moman yon karavann ki gen plizyè milye moun ladann ki soti toupatou nan rejyon an - Venezyelyen pou pi fò - travèse rejyon Sid Meksik semèn sa a.

Pandan mwad Desanm nan, otorite yo di gen omwens 10,000 migran ki rive sou fwontyè Etazini Meksik la chak jou, e anpil nan yo ap chache azil.

XS
SM
MD
LG