Accessibility links

Breaking News

Lidè Opozisyon Ris Navalny Disparèt nan Prizon Koloni Larisi


FILE PHOTO: Jailed Russian opposition leader Alexei Navalny attends a court hearing via video link
FILE PHOTO: Jailed Russian opposition leader Alexei Navalny attends a court hearing via video link

MOSCOU (AP) — Yon pòtpawòl Alexei Navalny di yo pèdi kontak ak lidè opozisyon Ris la ki te nan prizon Koloni a toupre Moskou. Dapre pòtpawòl la se kapab efò Kremlin ap fè pou izole Navalny pi plis apre Prezidan Vladimir Putin te anonse ke l ap kandida pou re-eleksyon nan mwad mas la.

Kira Yarmysh di ke asosye Navalny yo pa t kapab antre an kontak ak li l depi yon semèn, e ofisyèl nan koloni penal twoup Moskou kote li te ye te fè konnen ke yo te wete li nan koloni an men yo pa t di ki kote yo transfere l.

Fason yo fè transfè yon prizyone nan Larisi se yon bagay ki rete sekrè. Otorite yo pa bay okenn enfòmasyon sou kote prizonye yo prale pandan plizyè semèn jiskaske yo rive nan yon lòt etablisman, se lè yo rive a ke yo gen dwa kontakte fanmi oswa avoka yo.

XS
SM
MD
LG