Accessibility links

Breaking News

Zelenskyy Ap Vizite Washington Pou Chèche Sipò Adisyonèl Pou Lagè a


US Ukraine
US Ukraine

WASHINGTON (AP) — Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy ap kòmanse yon vizit nan Washington, yon fason pou li kapab konvenk lejislatè ameriken yo pou bay peyi l plis sipò finansye pou lagè kont Larisi a.

Nan yon diskou li te fè lendi nan Inivèsite defans nasyonal peyi a, li te avèti "lè mond lib la ap ezite, se lè sa a diktati a ap selebre."

Zelenskyy fè yon demann pèsonèl ak Kongrè ameriken an pou apwouve sipò adisyonèl pou Ikrèn.

Prezidan Joe Biden te mande Kongrè a $61.4 milya adisyonèl pou Ikrèn pou finansman lagè a, demand sa fè pati yon asistans $110 milya ki gen ladan tou lajan pou Izrayèl ak lòt priyorite sekirite nasyonal Etazini.

Demand sa toujou bloke nan Kongrè Ameriken.

Gen posibilite pou Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy rankontre Prezidan Ameriken Joe Biden ak manm kongrè pandan vizit li nan Washington.

XS
SM
MD
LG