Accessibility links

Breaking News

Eleksyon Larisi: Putin Pral Chèche yon Lòt Manda Prezidansyèl


Russian President Vladimir Putin delivers a speech at the St. George Hall of the Grand Kremlin Palace in Moscow, Russia, Dec. 8, 2023.
Russian President Vladimir Putin delivers a speech at the St. George Hall of the Grand Kremlin Palace in Moscow, Russia, Dec. 8, 2023.

Prezidan Vladimir Putin ap travay pou jwenn yon lòt manda pou li ka rete lidè peyi Larisi pou omwens yon lòt 6 ane. Putin anonse kandidati li pou eleksyon prezidansyèl ki gen pou fèt nan mwa Mas ane pwochen ke tout moun rete sèten li ap genyen.

Putin toujou gen gwo sipò apre li pase yon pakèt tan sou pouvwa a, malgre li te kòmanse yon lagè a kont Ikrèn ki koute peyi li chè anpil, e koze lanmò plizyè milye konpatriyòt li yo, sa ki te pwovoke anpil atak andedan Larisi.

Putin te anonse desizyon l pou l patisipe nan eleksyon prezidansyèl 17 mas la apre seremoni Kremlin vandredi a, lè veteran lagè ak lòt moun te sipliye l pou l ale poze kandidati li.

XS
SM
MD
LG