Accessibility links

Breaking News

Nikaragwa ap Pwofite Sityasyon Migrasyon an pou Mete Presyon sou Etazini


Foto Achiv: Migran Ayisyen ki espere aplike pou azil Ozetazini tann enskripsyon yo nan Reynosa, Meksik, 21 Desanm, 2022.
Foto Achiv: Migran Ayisyen ki espere aplike pou azil Ozetazini tann enskripsyon yo nan Reynosa, Meksik, 21 Desanm, 2022.

Done ayewopò yo founi endike gen plis pase 260 vòl "charter" ke yo kwè ap transpòte migran Ayisyen ki ateri Nikaragwa pandan mwa ki pase yo.

Sa vinn ajoute sou chif rekò migran yo antrejistre, ki ap chache antre Ozetazini.

Gwo foul migran sa yo kap eseye rive sou fwontyè Etazini lakoz administrasyon Biden nan ak lidè Ameriken yo ap kouri pou chache jwen yon solisyon.

Ekspè yo di gouvènman Nikragweyen an pa egzanp, ap eseye pwofite sityasyon an pou mande Etazini fè konsesyon sou sanksyon li enpoze kont li yo.

Depi lontan migran ki soti nan peyi Karayibeyen tankou Kiba ak Ayiti ap pase pa Nikaragwa pou yo rive Etazini paske peyi sa a se youn pami yon ti gwoup peyi ki pa mande pou yo gen viza pou antre lakay yo.

XS
SM
MD
LG