Accessibility links

Breaking News

Aksidan Djèt Chèf Gwoup Mèsenè Wagner la Soulve Pale Anpil Toupatou


Potre mesene Ris Yevgeny Prigozhin ak komandan gwoup Wagner la Dmitry Utkin nan yon moniman moun kreye nan Moskou pou onore yo, 24 Out, 2023.
Potre mesene Ris Yevgeny Prigozhin ak komandan gwoup Wagner la Dmitry Utkin nan yon moniman moun kreye nan Moskou pou onore yo, 24 Out, 2023.

Lidè mèsenè Yevgeny Prigozhin, ki te dirije yon rebelyon ame tou kout kont lame ris ane sa a, te abò yon avyon ki kraze o nò Moskou mèkredi, kote tout moun ki te abò peri, dapre ajans avyasyon sivil LaRisi.

Aksidan avyon an fè anpil moun sispèk menm kote a; sò fondatè konpayi militè prive Wagner a, anpil pawòl t ap pale sou sa depi li te fin moute rebelyon an.

Nan moman sa a, Prezidan Vladimir Putin te kritike rebelyon an e te sèmante pou li vanje. Men akizasyon ki te sou do Prigozhin yo te tonbe byen vit. Chef Wagner a, ki te gen dèyè li youn nan meyè fòs batay LaRisi nan Ikrèn, te gen pèmisyon ale pran retrèt li nan Belaris, e poutan se tanzantan li te nan LaRisi.

Aksidan an fèt apre medya ris te rapòte ke yon gwo general ki konekte ak Prigozhin te pèdi pozisyon l kòm kòmandan avyasyon militè a.

Avyon an tonbe mèkredi ak 3 pilòt ak 7 pasaje ki te nan wout, soti Moskou pou ale St Petersbourg. Li tonbe nan preske 300 kilomèt distans ak pati nò kapital la, dapre Tass ki se ajans nouvèl leta ris, ki site pawòl kèk otorite.

Ajans avyasyon sivil LaRisi, Rosaviatsia, te rapòte vit ke non li te sou manifest vwayaj la, e apre sa te di ke, dapre konpayi avyon an, Prigozhin te vrèman vre abò li.

XS
SM
MD
LG