Ranson an te sipoze ase pou gang lan te lage tout 15 otaj Ameriken ak Kanadyen li te kidnape yo. Sepandan ex-otaj yo di gang lan pat kenbe pwomès li te fè yo.
Moun ki peye ranson an pat afilye ak Christian Aid Ministries dapre sa yo di Associated Press.
Anplwaye yo deklare yo pa konnen idantite endividi a, ni konbyen lajan li peye gang 400 Mawozo.
Ex-otaj yo kòmanse pale de peripesi yo te siviv ak moun legliz yo, ke yo deklare te fini apre yo te chape poul yo dat 16 Desanm lan yon fason dramatik.
Facebook Forum