Accessibility links

Breaking News

Operasyon nan Tèminal Petwòl Ayiti a Sispann Apre Gang yo Sezi Kamyon


Foto Achiv: Moun fe la ke pou achte gaz nan yon stasyon petwol nan Potoprens, 29 Mas, 2024.
Foto Achiv: Moun fe la ke pou achte gaz nan yon stasyon petwol nan Potoprens, 29 Mas, 2024.

Operasyon yo nan prensipal tèminal petwòl Ayiti a sispann Lendi apre nèg ak zam te sezi kamyon yo epi egzije pou yo fèmen po a, dapre yon sous ki byen ranseye sou kestyon an. Sa pral lakoz rate gaz la vin pi grav toujou.

Sous la di gang yo te bloke plizyè pami wout ki al nan Varreux.

Yon pòtpawòl Pwogram Alimantasyon Nasyonzuni an, PAM lanse avètisman pou di li difisil pou jwenn gaz achte nan Pòtoprens, e moun oblije fè la ke nan ponp gaz yo.

Pòtpawòl la di pou kounyea yo gen pwovizyon e yo pral kontinye founi petwòl bay patnè imanitè yo kap travay an Ayiti.

Gang ame Alyans G9 la te deja bloke Varreux pandan prèske yon mwa nan mwad Oktòb 2021 epi yon ane apre sa yo te bloke l pandan plis pase yon mwa - sak te lakoz pi fò aktivite ekonomik yo te kanpe epi gouvènman Ayisyen an te mande asistans yon fòs entèvansyon etranje.

Foto Achiv: Kamyon gang yo bloke akse ak teminal petwol Varreux a nan Potoprens, Ayiti.
Foto Achiv: Kamyon gang yo bloke akse ak teminal petwol Varreux a nan Potoprens, Ayiti.

Pi fò biznis yo pa gen kouran pou fonksyone san jeneratris dizèl yo. Pandan blokaj ki te fèt nan pase a, lopital yo te oblije fèmen pòt yo, stasyon radyo yo te sispann pwogramasyon yo, antèm sèvis selilè te pran pann gaz e transpò piblik la te kanpe.

Lidè G9 la, Jimmy Cherizier alyas "Barbeque" deklare li vle pou Premye Minis Ariel Henry demisyonnen, men apre Henry te anonse enstansyon li pou l demisyonen 11 Mas pase a, Cherizier pale de yon "revolisyon" pi laj kont boujwa yo e atak gang yo nan kapital la ogmante.

Cherizier te anonse tou yon alyans gang anba non "Viv Ansanm".

Medya lokal yo rapòte gang Viv Ansanm te tap twoke kout zam ak lapolis ozalantou palè Nasyonal la Lendi. Yon konsèy prezidansyèl tranzisyon ki sipoze nomen yon nouvo gouvènman ta dwe prete sèman nan palè a, men yon dat pou sa fèt poko konfime.

Nasyonzini te apwouve demann entèvansyon Henry te fè a sa gen 6 mwa desa, men jefò sa a kanpe. Ann atandan yon nouvo gouvènman prete sèman, Henry kontinye dirije gouvènman an malgre li pa an Ayiti.

Pandansetan, LONU estime plizyè santèn milye Ayisyen kouri kite kay yo - akoz ensandi, kidnaping, asasina ak vyòl - gen plizyè milyon lòt kap mouri grangou pandan gang yo ranfòse pouvwa yo.

XS
SM
MD
LG