Accessibility links

Breaking News

Ayisyen ap Goumen pou yo Siviv, Yap Chèche Manje, Dlo ak Sekirite Pandan Gang Ap Fè “La pluie et le Beau Temps”


Prizonye rasanble andedan Penitansye Nasyonal la anba lavil Potoprens, Ayiti, 3 Mas, 2024.
Prizonye rasanble andedan Penitansye Nasyonal la anba lavil Potoprens, Ayiti, 3 Mas, 2024.

PORT-AU-PRINCE, Ayiti (AP) — Lavi nan Pòtoprens vin tounen yon jwèt pou siviv, kote sitiyasyon sila mete sitwayen yo nan yon move enpas kote yo ap goumen pou yo rete an sekirite ak siviv pandan ke gang kontinye ap simen latwoublay ki depase kapasite lapolis pou li kontwole e pandan anpil kote, popilasyon an pa santi prezans gouvènman an.

Kèk moun nan popilasyon an enstale barikad an fè pou pwoteje katye yo.

Gen lòt ki peze gaz pou mete gwo vitès lè yap pase toupre zòn ke gang kontwole yo.

Kèk sitwayen ki gen ti mwayen fè rezèv dlo, manje, lajan ak medikaman, men pwovizyon yo kòmanse diminye depi prensipal ayewopò entènasyonal peyi a te fèmen nan koumansman mwa Mas la.

Pi gwo pò maritim peyi a preske paralize nèt akoz gang ki ap sikile nan zonn nan.

XS
SM
MD
LG