Accessibility links

Breaking News

Men Kijan yon Entèdiksyon TikTok Ozetazini Taka Afekte w


Yon moun ki kreye kontni sou TikTok chita devan Capitol la (syej Kongre Etazini) 23 Avril, 2024.
Yon moun ki kreye kontni sou TikTok chita devan Capitol la (syej Kongre Etazini) 23 Avril, 2024.

Apre ansyen Pezidan Donald Trump te finn pase plizyè ane ap eseye entèdi aplikasyon TikTok la ki se pwopriyete konpayi chinwa Bytedance, semèn sa Kongrè ameriken adopte yon pwojè lwa pou entèdi aplikasyon mobil.

Apre 2 chanm kongrè a finn bay apwovasyon, kounyea li sou wout pou al sou biwo Prezidan Biden pou li ka siyen li.

Men TikTok pap disparèt sanzatann sou telefòn ou, Yo pap mete w nan prizon non plis si ou kontinye sèvi avè l apre entèdiksyon an antre an aplikasyon.

Sa pral pran omwens yon ane anvan entèdiksyon an antre an aplikasyon, men li trè posib pou gen defi nan tribinal ki taka lakoz anyen pap pase pazavan petèt plizyè zane.

Kisa sa vle di pou oumenm itilizatè a oubyen yon paran yon itilizatè kap itilize TikTok?

Plan orijinal la bay ByteDance (konpayi ki fè TikTok) 6 mwa pou l separe l ak branch Ameriken li. Apre negosyasyon yo te pwolonje l a 9 mwa. Apre sa, si yo vann ni, konpayi a ap gen yon lòt 3 mwa pou finalize vant la.

Kisa pou fè si ou deja telechaje TikTok?

Gen plis pase 170 milyon Ameriken ki sèvi ak TikTok. Pa gen anpil chans pou l disparèt sou telefon ou menm apre entèdiksyon an antre an aplikasyon. Sepandan li ta disparèt sou magazen Apple ak Google yo kote moun achte app, kivledi itilizatè yo papka telechaje l. Savledi tou ke TikTok paka voye nouvo vèsyon lojisyèl li pou sekirize app la e apre yon tan ou papka sèvi avè l e li ka mete sekirite telefon ou an danje.

Eske gen fason pou kontrekare move konsekans yo?

Tinedjè yo fo nan eskive kontwol pou paran yo ak entèdiksyon ki konn parèt sou rezo sosyal yo, kidonk eskive entèdiksyon gouvènman Ameriken an se yon bagay ki posib. Pa egzanp itilizatè yo taka kache ki kote yap itilize li atravè yon VPN (Virtual Private Network -Rezo Vityèl Prive). Yo taka sèvi ak magazen altènatif pou achte app la e menm enstale yon kat SIM etranje sou telefon yo.

Men pou fè bagay sa yo fok ou gen konesans nan teknoloji e li poko klè kisa k pral mache ak kisa ki pap mache. Sak pi sanble yon posibilite se ke itilizatè yo va deside sèvi ak yon lot platfom tankou Instagram pa egzanp, ki gen yon opsyon ki pèmèt moun kreye videyo kout tankou TikTok ke li rele Reel - oubyen yo ka kreye videyo kout vètikal sou YouTube. Pa fwa moun konn kopye videyo moun pibliye sou TikTok pou mete yo sou lot rezo, donk pwobableman sa pral kontinye.

Eske w dwe gen kè sote pou itilize TikTok?

Palmantè Repibliken e Demokrat - ansanm ak otorite yo epi responsab sèvis ransèyman Etazini - ap soulve kè sote yo genyen pou otorite Chinwa yo pa fose ByteDance remèt yo done sou 170 milyon Ameriken ki sèvi ak TikTok. Yo gen kè sote sa a paske Lachin adopte yon seri lwa sekirite nasyonal ki mande oganizasyon yo ede yo ranmase ransèyman - e ByteDance oblije respekte konsiy sa yo. Se yon fason gouvènman otoritè Chinwa a kontwole moun.

Men ekspè yo di gouvènman Chinwa a taka fasilman jwenn enfomasyon sou Ameriken lot fason - tankou pa egzanp sèvi ak konpayi ki vann oubyen lwe done itilizatè yo.

Otorite Ameriken yo eksprime kè sote yo tou dèske Lachin taka pase lod oubyen enfliyanse ByteDance pou l siprime oubyen pwomouvwa kontni sou TikTok ki favorab a enterè li yo. Bo kote pa li, TikTok demanti ke gouvènman Chinwa a taka sèvi avè l kom zouti. Konpayi a di tou li pa janm pataje done itilizatè Ameriken yo ak otorite Chinwa yo e ke li pap fè sa si yo mande l.

XS
SM
MD
LG