Accessibility links

Breaking News

Etazini: Sena a Vote Yon Pwojè-lwa Pou Ekzije ByteDance Vann Tiktok

FILE - In this photo illustration the social media application logo for TikTok is displayed on the screen of an iPhone in front of a US and Chinese flag background in Washington, DC, on March 16, 2023.

Sena Etazini an vote yè swa pou voye yon pwojè-lwa bay Prezidan Joe Biden ki ta ekzije pou pwopriyetè Tik Tok, an palan ByteDance, transfere aksyon ke li gen nan Etazini nan app video kout-la bay yon lòt konpayi, e ke li gen pa plis ke 9 mwa pou fè sa osinon li ap anba entèdiksyon nan peyi a.

Mezi a, ke Chanm Depite a te pase samdi a, te vini akoz enkyetid otorite ameriken yo kòmkwa LaChin ta ka gen aksè nan enfòmasyon sou Ameriken oubyen ta siveye yo ak app la, e Biden di l ap siyen li pou fè l tounen lwa.

Tik Tok, ki fè konnen li pa pataje e p ap pataje ak gouvènman chinwa a enfòmasyon sou Ameriken ki sèvi nan app la, di ke lwa a seta yon entèdiksyon ki vyole libète ekspresyon moun sa yo.

XS
SM
MD
LG