Accessibility links

Breaking News

Biden Defann Desizyon Pou l Mennen Kanpay sou TikTok


Foto Achiv: Logo TikTok la sou yon telefon entelijan, 18 Mas, 2023.
Foto Achiv: Logo TikTok la sou yon telefon entelijan, 18 Mas, 2023.

Kanpay pou re-eleksyon Prezidan Joe Biden nan defann ayè lendi a nouvo kont Tik Tok li a ke li prezante kòm yon gwo zouti pou attire plis jèn elektè, menm lè administrasyon li a te kontinye gen krent ke app media sosyal popilè a ka pataje ak gouvènman chinwa a enfòmasyon sou moun ki sèvi ladann.

Mesaj pou ouvè kanpay li a te moutre prezidan an ki t ap reponn kesyon sou SuperBowl.

“Prezidan an ki ouvè kanpay li sou Tik Tok yè swa a – ke plis pase 5.000.000 moun te gade e gen ki ap vini toujou – se yon prèv sèten ke nou gen angajman ak siksè nan efò pou nou kreye nouvo mwayen pou touche elektè nan yon anviwònman ki ap chanje, ki divize, e ke chak moun adapte selon pwòp bezwen li,” se asistan manadjè kanpay re-eleksyon Biden, Rob Flaherty, ki bay eksplikasyon sa a nan yon deklarasyon.

XS
SM
MD
LG