Accessibility links

Breaking News

Gwoup Sosyete Sivil Ayisyen Mande Lafrans Peye yo Plizyè Milya Dola Dedomajman pou Esklavaj


Yon mesye monte transpote kliyan sou moto nan Potoprens, 12 Mas, 2024.
Yon mesye monte transpote kliyan sou moto nan Potoprens, 12 Mas, 2024.

Yon kowalisyon gwoup sosyete sivil Ayisyen deklare Jedi, Lafrans te dwe re-peye yo plizyè milya dola dedomajman pou kouvri dèt pèp Ayisyen an ki se ansyen esklav, te oblije peye an echanj pou
rekonesans endepandans Ayiti.

Zile a te premye pou pran endepandans li an 1804 apre yon revolt kont Lafrans. Sepandan nan yon mezi anpil Ayisyen blame pou 2 syèk tibilans, Lafrans te enpoze reparasyon sevè kont Ayiti pou lajan li te pèdi akoz revolt la. Se sèlman an 1947 ke Ayiti te finn re-peye dèt sa a.

Yon gwoup apepre 20 oganizasyon non-gouvènmantal te rasanble nan vil Jenèv an Suis sa pa gen lontan, a l okazyon Fowom Pèmanan LONU sou Moun ki se Zansèt Afriken. Yo mande pou kreye yon nouvo komisyon endepandan pou jere restitisyon dèt la, ke yo dekri tankou yon "ranson".

Gwoup Ayisyen yo di lajan an ta dwe sèvi pou finanse travo piblik an Ayiti, kote yon nouvo konsèy prezidansyèl tranzisyon pral enstale pou retabli sekirite a apre yon peryod zak vyolans gang yo ki devaste peyi a.

Monique Clesca, yon militan sosyete sivil Ayisyèn kap kowodone jefo sa a di ajans nouvèl Reuters "Sak enpotan fwa sa a se ke Lafrans rekonèt sa nou di a e sa pèmèt nou avanse."

Ministè Afè Etranje Lafrans pat reponn yon demann Reuters te fè pou komantè. Ajans Devlopman Lafrans la bay Ayiti plizyè santèn milyon dola asistans. Li te refere a lajan sa a anvan tankou yon "dèt moral" li dwe Ayiti.

Kantite lajan Ayiti peye Lafrans pa finn klè sepandan jounal New York Times estime ke se yon afè de $21 milya. Moun ki apiye plan an yomenm ensiste chif la pi wo pase sa.

Jemima Pierre, yon pwofesè Ras Global nan Inivèsite British Columbia deklare: "Se $21 milya plis 200 zan enterè ke Lafrans jwei donk nap pale de yon afè tankou $150 milya, $200 milya ou plis."

Clesca bo kote pa li di li espere rekomandasyon sa a ak lot pral fè pati konklizyon fowom LONU an ke li sipoze pibliye Vandredi. Ane pase a, Konsèy la te sigjere pou yo mete sou pye yon tribinal pou jere kestyon reparasyon pou esklavaj la.

Kanpay peye reparasyon an ak lot konpansasyon pou esklavaj gen yon long istwa men li komanse pran anplè nan mond lan.

XS
SM
MD
LG