Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Enkyetid Moun Pòtoprens Sou Kreyasyon nouvo Konsèy Tranzisyon an


Ayisyen manifeste pou dezyem jou kont Premye Minis Ariel Henry, pou mande depa li sou pouvwa a, 6 Fevriye, 2024.
Ayisyen manifeste pou dezyem jou kont Premye Minis Ariel Henry, pou mande depa li sou pouvwa a, 6 Fevriye, 2024.

Moun Pòtoprens pataje enkyetid yo sou kreyasyon nouvo konsèy tranzisyon Ayiti a, ki gen pou chwazi yon nouvo premye minis ak yon kabinè ministeryèl, apre jounal ofisyèl peyi a “Le Moniteur” te pibliye yon dekrè pou bay non manm ki nan Konsèy Prezidansyèl la.

Popilasyon an te espere ke Premye Minis Ariel Henry tap demisyone apre fòmasyon konsèy Prezidansyèl la Vandredi 12 avril pase a, men Premye Minis Ariel kounyea anonse l ap demisyonnen lè genyen yon nouvo Premye Minis ak yon nouvo Gouvènam.

Kèk sitwayen peyi an te eksprime espwa men ak prekosyon apre jounal ofisyèl peyi a te anonse non manm ki ap nan konsèy la. Pami yo gen Frantzy Oseius, ki se yon bibliyotekè, ak Johnny Rock ki se yon pwofesè lekol.

"Nou espere ke Konsèy Prezidansyèl sa a pral fè pi bon travay. Ke yo pral travay pou pote estabilite nan peyi a, retabli sekirite nan peyi a. Nou bezwen anpil estabilite ak sekirite pou nou soti nan pwoblèm sa a."

Dekrè a, ke Ariel Henry ak kabinè li a siyen, di ke okenn moun pa ka manm konsèy la si li anba sanksyon Nasyonzini, e si li kont deplwayman fòs miltinasyonal la, e ke manm konsèy la ak manm gouvènman an yo pa kapab kandida nan eleksyon ki pral fèt nan peyi a.

Yon lot kote, plizyè lidè biznis ayisyen ekri semèn sa a Prezidan peyi Kenya, William Ruto, yon lèt kote yo di

ke yo gen anpil enkyetid pou reta ki genyen nan depwayman fòs ke Nasyonzini apiye a ke gouvènman Kenya a te pwomèt pou li dirije pou vin ede nasyon Karayib la.

XS
SM
MD
LG