Accessibility links

Breaking News

Gonzalez: 'Nou Gen Anpil Kè Sote pou Ensekirite a Ann Ayiti'


Juan Gonzalez, konseye wo plase Prezidan Biden sou kestyon sekirite nasyonal ki gen rapò ak emisfè Oksidantal la, pandan yon entèvyou ak VOA Espayòl.
Juan Gonzalez, konseye wo plase Prezidan Biden sou kestyon sekirite nasyonal ki gen rapò ak emisfè Oksidantal la, pandan yon entèvyou ak VOA Espayòl.

Nan yon entèvyou ak VOA Espayòl, Juan Gonzalez ki se konseye wo plase Prezidan Joe Biden sou kestyon sekirite nan emisfè Oksidantal la deklare Lamezonblanch ap swiv sityasyon an ann Ayiti de pre e ke yo gen "anpil kè sote" pa rapò ak sityasyon sekirite a nan peyi a.

Gonzalez di VOA Prezidan Biden resevwa ransèyman sou sityasyon an regilyèman. Misye di gen divès fason Etazini ap esye jere sa pami yo "fasilite yon diyalòg e ankouraje diyalòg pami diferan aktè yo".

"Dezyèman nap chache mwayen pou apiye Polis Nasyonal Ayisyen an (PNH) epi ogmante kapasite li (pou jere krim)," Gonzalez fè konnen. Li di Depatman d'Eta ap patisipe nen jefò sa a tou.

Gonzalez di gen jefò kap fèt nan nivo entènasyonal la tou.

"Nan LONU nap kole tèt ansanm ak patnè nou yo ann Ewop ak Amerik Latin nan pou jwenn mwayen pou kominote entènasyonal la apiye Ayiti nan domèn sekirite, sante piblik ak prensipal bezwen pèp Ayisyen an genyen kounyea," Gonzalez di VOA.

Jounalis VOA Espayol Jorge Agobian pandan yon entèvyou ak Juan Gonzalez, konseye wo plase Prezidan Biden sou kestyon sekirite nasyonal ki gen rapo ak emisfè Oksidantal la.
Jounalis VOA Espayol Jorge Agobian pandan yon entèvyou ak Juan Gonzalez, konseye wo plase Prezidan Biden sou kestyon sekirite nasyonal ki gen rapo ak emisfè Oksidantal la.

Eleksyon

Youn nan prensipal objektif politik etranje Etazini pou Ayiti se eleksyon pou chwazi yon nouvo prezidan. Nou mande Gonzalez kijan Etazini wè koze eleksyon an.

"Kestyon eleksyon an gen pou wè ak kilè pèp Ayisyen ap kapab vote nan eleksyon ki lib, onèt nan yon klima sekirite. Nan le pase, eleksyon Ayiti yo te gen 5-10% patisipasyon. Mwen kwè pou nou, anvan nou chwazi yon dat abitrè, nou vle konsantre 100% atansyon nou sou ensekirite a, epi kreye yon anbyans kote pèp Ayisyen an gen pouvwa pou'l deside kiyès ki pral dirije'l," Gonzalez di VOA.

"Nou vle fè tout sa'n kapab pou ede Ayiti," Gonzalez deklare lè nou mande li ki lòt asistans Etazini pare pou bay Ayiti pou rezoud ensekirite a.

Konseye wo plase a di Prezidan Biden ankouraje yo jwenn solisyon anbisye.

"Men pou rezoud ensekirite a fòk nou asire gen yon dyalòg politik vyab kap dewoule ant tout pati yo," Gonzalez presize.

"Nou vle mete kestyon Ayiti a an premye lye - malgre tout kriz kap pase lòt kote nan mond lan - se yon bagay kle - plizyè milya dola asistans se pa sa ki pral rezoud pwoblèm Ayiti kounyea - se diyalòg, se bay pèp Ayisyen pouvwa, se jwenn yon akò politik ki debouche sou stabilite," Gonzalez deklare.

XS
SM
MD
LG