Accessibility links

Breaking News

Mayorkas : ‘Nap Travay Pou Fè Fas Rezon Ki Fè Moun Kite Peyi yo’


Sekrete Sekirite Nasyonal Etazini Alejandro Mayorkas, pandan yon entevyou ak VOA Espayol, Jedi 9 Jyen, 2022.
Sekrete Sekirite Nasyonal Etazini Alejandro Mayorkas, pandan yon entevyou ak VOA Espayol, Jedi 9 Jyen, 2022.

Nan yon entèvyou ak VOA Espayòl, Sekretè Sekirite Nasyonal Etazini, Alejandro Mayorkas, deklare Etazini ap « travay pou fè fas ak rezon ki fè moun kite ap peyi yo. »

« Li trè enpòtan pou moun pa riske lavi yo pou trafikan ak kontrebandye ki kap chache tire pwofi sou tèt yo, » Mayorkas deklare.

Nan moman kote yon karavan migran nan peyi Meksik ap vanse nan direksyon Etazini, tandiske lwa sante piblik Tit 42 a toujou ann aplikasyon (lwa sa a anpeche migran yo mande azil Ozetazini pou rezon sanite), VOA mande Sekretè Mayorkas ki mesaj li genyen pou migran sa yo ki reve antre nan peyi a.

« Se sa ki trajedi a, » Mayorkas reponn. « Ke moun yo riske lavi yo yo antreprann yon vwayaj danjre epi otorite yo voye yo tounen nan peyi yo. Kèk pa soti vivan, gen kèk ki fè fas ak sityasyon twomatik nan wout, e vreman vre nap devlope mwayen ki si e legal pou bay moun sa yo soulajman.”

Kanta pou migran Ayisyen yo presizeman men mesaj Mayorkas genyen:

“Fòk yo sonje ke kontrebandye yo ba yo fo enfòmasyon kòm kwa Tit 42, lwa sante piblik la, pa ann aplikasyon ankò. Wi li ann aplikasyon. E moun ap riske lavi yo – men yo fè fas ak depòtasyon.”

Li ajoute “Pa fè vwayaj danjre sa a – frontye a pa louvri. »

Jounalis VOA Espayol Celia Mendoza pandan yon entevyou ak Sekrete Sekirite Nasyonal Alejandro Mayorkas pandan Some Dez Amerik la nan vil Los Angeles, eta Kalifoni, 9 Jyen 2022.
Jounalis VOA Espayol Celia Mendoza pandan yon entevyou ak Sekrete Sekirite Nasyonal Alejandro Mayorkas pandan Some Dez Amerik la nan vil Los Angeles, eta Kalifoni, 9 Jyen 2022.

Pa kont, Sekretè Sekirite Nasyonal la di Etazini ap travay sou divès mwayen pou pèmèt migran yo antre legalman Ozetazini. « Pa eganp nou gen yon pwogram reyinifikasyon familyal pou Ayisyen, » li fè remake. Pwogram sa a egziste pou Kiben yo tou. Met sou sa, li di Etazini ap dispoze plis viza pou moun ki kalifye pou travay tanporè Ozetazini. Li souliyen ke administrasyon an ap devlope mwayen ki si ak òdone pou migran yo ka antre Ozetazini.

Mayorkas di Etazini pare pou fè fas ak yon ogmantasyon migran kap chache travèse frontye a pandan sezon été a, e ke gen plizye mezi ki déjà an plas pou sa.

« Depi mwad Septanm nou te komanse fè preparasyon pou divès senaryo e vreman vre, nou pare, » Mayorkas di VOA.

Sekretè Sekirite Nasyonal la di Etazini ap travay ak plizyè peyi nan rejyon an pou kontrekare kontrebandye yo.

« Nou gen yon kowoperasyon moun poko janm wè anvan – an tèm de dimansyon ak pòte pou atake kontribandye yo ak oganizasyon kriminèl yo. Nou déjà lanse plizye operasyon nou gen yon kanpay petibasyon e nou gen entansyon atake agresivman kriminèl sa yo,” Mayorkas deklare.

Jounalis VOA Espayol Celia Mendoza kontribye a repotaj sa a depi Los Angeles

XS
SM
MD
LG