Accessibility links

Breaking News

Blinken Chante Lwanj Somè Dèz Amerik la


Patisipan nan Some Dez Amerik la poze pou yon potre ak chef deta epi delegasyon yo, Vandredi 10 Jyen ann Los Angeles, Kalifoni.
Patisipan nan Some Dez Amerik la poze pou yon potre ak chef deta epi delegasyon yo, Vandredi 10 Jyen ann Los Angeles, Kalifoni.

Sekretè d'Eta Ameriken Antony Blinken chante lwanj rezilta Somè Dèz Amerik la Vandredi apre anons sa Etazini dekri tankou yon "fèy de wout" pou peyi ki gen gwo kantite migran ak refije lakay yo.

"Se premye fwa nou rasanble lidè toupatou nan emisfè a pou pran responsabilite ansanm pou kriz migratwa a," Blinken deklare.

"Peyi d'orijin, peyi tranzit, peyi destinasyon. Se yon gwo pa ann avan, dapre mwenmenm," sekretè a ajoute.

"Deklarasyon Los Angeles la" mete aksan sou yon seri prensip ki gen ladan mwayen legal pou antre nan kèk peyi, asistans pou kominote ki pi afekte pa migasyon, metod imen pou jere frontyè a epi repons kowodone nan ka dijans.

Se petèt pi gwo akonplisman Somè Dèz Amerik la, ki te menase gate akoz mekontantman pa rapo ak peyi ki te resevwa envitasyon pou yo asiste rankont la. Lidè peyi Meksik ak plizyè peyi nan Amerik Santral la te chwazi voye diplomat wo plase olye lidè yo asiste somè a apre Etazini te deside pa envite ni Kiba, ni Nikaragwa, ni Venezyela.

Etazini pran angajman pou'l kontribye $314 milyon pou ede peyi ki gen refije ak migran lakay yo, e li pral repann oubyen etann jefo li pou reyinifye fanmi Ayisyen ak Kiben yo. Beliz bo kote pa li pral "regilarize" migran ki soti nan Amerik Santral ak Karayib la ki ap viv lakay li.

Etazini se destinasyon ki pi popilè pami moun kap chache azil yo depi ane 2017, sa ki poze yon defi pou Biden ak predesesè li yo, Donald Trump ak Barack Obama.

Sepandan Etazini pa poukont li. Kolonbi ak peyi vwazen li yo nan Amerik di SId la gen lakay yo plizyè milyon moun ki kouri kite Venezyela.

Meksik limenm resevwa plis pase 130,000 aplikasyon pou azil ane pase a. Pi fo pami demann sa yo, se migran Ayisyen ki fè yo - yon chif ki 3 fwa plis pase sa yo te konstate an 2020.

Anpil Nikaragweyen kouri al lage ko yo nan Costa Rica, tandiske Venezyelyen yomenm reprezante apepre 1/6% popilasyon zile Awouba.

Prensipal peyi ki resevwa oubyen voye migran, oubyen sèvi kom korido tranzit siyen ako a. Yo se: brezil, Kanada, Chili, Kolonbi, Kosta Rika, Ekwate, Salvado, Guatemala, Ayiti, Ondiras, Meksik, Panama, Pewou ak Etazini. Ajantin, Barbad, Beliz, Jamayik, Paragwe ak Urugwe ap patisipe tou.

"Ansanm peyi nou bezwen angajman anbisye nan domèn sante piblik, preparasyon pou pandemi, enèji pwop, adapsyon ak chanjman klimatik, transfomasyon nimerik ak gouvènans demokratik, Blinken deklare.

"Men sa ki vreman enpotan se pa 3 jou nou sot pase isit la, se 362 lot jou ane a kap vini," li ajoute.

"E defi a se èske nou pral mete angajman sa yo ke nou sot pran la a ann aplikasyon," Blinken fini pou di.


Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG