Accessibility links

Breaking News

Venezyela Eleksyon: Nicolás Maduro Parèt 13 Fwa Sou Bilten Vòt la


Venezuela Election The Ballot
Venezuela Election The Ballot

CARACAS, Venezyela (AP) — Nicolas Maduro ki ap chèche reeli kòm prezidan se premye kandida ki afiche sou bilten vòt la, e foto li ap plizyè lòt kandida parèt plizyè fwa.

Foto li ki sou bilten an moutre yon prezidan ki ap souri, cheve li byen penyen, men, kòm diferans ak kèk nan 9 opozan li yo, li parèt, pa yon fwa ni 2 fwa, men 13 fwa sou bilten vòt la.

Ansyen diplomat Edmundo González Urrutia, ke yo konsidere kòm kandida ki plis ka defye Maduro nan eleksyon prezidansyèl 28 jiyè ki ap vini an, parèt sèlman 3 fwa sou bilten an.

Nan Venezyela, figi kandida yo ka parèt legalman sou tout tikè ke pati ki sipòte li a prezante plizyè fwa sou bilten, selon kantite pati ki sipòte li. Gen kèk moun ki pa wè li kòm yon pwoblèm, menm si lòt moun panse li kreye konfizyon.

XS
SM
MD
LG