Accessibility links

Breaking News

Bato Militè Ris Debake nan Venezyela


VENEZUELA-RUSSIA-MILITARY-NAVY-WARSHIPS
VENEZUELA-RUSSIA-MILITARY-NAVY-WARSHIPS

Ministè Defans Ris la di Madi ke bato militè Ris ki soti nan Flòt Nò a rive Venezyela kote yo pwal pase "plizyè jou",

Ministè a di nan yon nòt pou laprès ke objektif ki eksplike prezans bato sa yo nan rejyon an se pou "montre drapo peyi a epi asire yon prezans naval nan kèk zòn ki enpòtan pou operasyon nou".

Yo pral fè eskal sa a ki pwal dire "kèk jou" anvan bato sa yo kontinye fè "travay" yo nan Oseyan Atlantik la.

Pami bato yo ki rive Venezyela a nou jwenn Admiral Gorshkov, fregat ki pi avanse nan flòt Ris la ki an sèvis depi 2018, ansanm ak tankè Akademik Pashin.

Bato yo akoste nan La Guaira, toupre kapital la Karakas, dapre sa nòt pou laprès gouvènman Ris la fè konnen.

Larisi ak Venezyela gen relasyon solid antre yo.

Prezidan Venezyelyen an, Nicolas Maduro, dekri tokay Ris li Vladimir Putin nan mwa Fevriye pase kòm yon "gran frè".

Nicolas Maduro ap chèche yon nouvo manda nan eleksyon prezidansyèl ki pral fèt 28 Jiyè kap vini la.

Bato ki rive nan Venezyela yo te deja kanpe Kiba nan mitan mwa Jen an, e yo te gen ak yo yon soumaren nikleyè ak yon remòkè.

Dapre Ministè Defans Ris la, anvan yo te antre nan pò Lahavàn nan, bato yo te patisipe nan yon "egzèsis sou itilizasyon zam ki ka tire misil ki gen gwo presizyon."

XS
SM
MD
LG