Accessibility links

Breaking News

Repibliken nan Chanm Depite a Rele nan Tribinal Minis Jistis Ameriken an pou li ka Fè yo Jwenn Odyo Entèvyou Avoka espesyal te fè ak Biden


FILE PHOTO: Attorney General Merrick Garland to testify before Republican-led House Judiciary Committee
FILE PHOTO: Attorney General Merrick Garland to testify before Republican-led House Judiciary Committee

WASHINGTON (AP) — Repibliken nan Chanm Depite a depoze plent nan tribinal kont Minis Jistis Jeneral Merrick Garland pou yo ka jwenn anrejistreman odyo entèvyou Prezidan Joe Biden te fè ak yon avoka espesyal nan dosye dokiman sekrè ke yo te jwenn lakay li.

Aksyon legal lendi a mande tribinal yo pou yo fè respekte konvokasyon ke Chanm lan voye bay minis jistis la epi rejte efò Mezon Blanch ki vle anpeche materyèl sa yo vin jwenn Kongrè a.

Pwosè Komisyon Jistis Chanm lan se dènye kout kreyon Repibliken yo kont Depatman Jistis la nan kad konfli ant 2 pati politik yo pou eleksyon 2024 la.

Aksyon legal la vini kèk semèn apre Mezon Blanch te bloke Garland pou l pa remèt anrejistreman odyo a bay Kongrè a, kote li reklame privilèj egzekitif.

XS
SM
MD
LG