Accessibility links

Breaking News

Ekip kanpay Biden nan di apre Desizyon Kou Siprèm nan ke Trump « panse li sou Tèt Lalwa »


Biden - Trump - Campaign events - day after debate -
Biden - Trump - Campaign events - day after debate -

Donald Trump "panse li sou tèt lalwa" se deklarasyon ke ekip kanpay Joe Biden nan fè lendi, apre yon desizyon Lakou Siprèm te rekonèt ke prezidan an gen iminite, kidonk pwoteksyon devan lajistis pou aksyon ofisyèl li te komèt pandan li te prezidan.

Yon konseye kanpay prezidan Demokratik la di desizyon sa a pral plis retade jiman federal ansyen prezidan an nan dosye atak sipòtè li yo te fè sou Kapitòl la nan dat 6 janvye 2021.

Selon konseye a, sa "pa chanje anyen nan reyalite a (...): Donald Trump te pèdi tèt li apre li te pèdi eleksyon 2020 an e ankouraje yon foul al goumen pou ranvèse rezilta yon eleksyon lib e onèt”.

XS
SM
MD
LG