Accessibility links

Breaking News

Plizyè Gwo Potanta nan Pati Demokrat la Ankouraje Biden pou li Rete nan Kous la


Prezidan Joe Biden pran la pawol pandan yon deba prezidansyel ke CNN oganize kont kandida prezidansyel Repibliken ex-Prezidan Donald Trump nan Atlanta, 27 Jyen 2024.
Prezidan Joe Biden pran la pawol pandan yon deba prezidansyel ke CNN oganize kont kandida prezidansyel Repibliken ex-Prezidan Donald Trump nan Atlanta, 27 Jyen 2024.

Plizyè gwo potanta nan Pati Demokrat la mete tèt yo ansanm dimanch pou montre sipò yo pou kandidati prezidan Joe Biden apre yon apre pèfòmans bankal li te bay nan deba prezidansyèl la ak ansyen prezidan Donald Trump.

Joe Biden te pase Dimanch li ak fanmi li nan Camp David, yon jou apre ekip kanpay li te chache bay kan Biden nan asirans ke yo kanpe dèyè li nan twa rasanbleman pou ranmase lajan pou li toupre New York.

Men gen kesyon toujou pou konnen si li ap kenbe kandidati li, kèk jou apre premye deba prezidansyèl la kote li te parèt fèb sou CNN, kote plizyè fwa pèsonn pa te ka konprann sa li tap di.

Dapre rezilta yon sondaj CBS News/YouGov, 72% Ameriken ki te reponn kesyon di yo kwè ke Joe Biden pa gen ni sante mantal ni tèt klè pou dirije Etazini pou 4 ane ankò (sondaj sa a te bay 65% nan dat 9 jen pase).

XS
SM
MD
LG