Accessibility links

Breaking News

Trump Bat Bravo pou sa li Rele yon 'gwo viktwa' pou demokrasi apre yon Desizyon Kou Siprèm nan


FILE PHOTO: U.S. President Donald Trump holds a rally to contest the certification of the 2020 U.S. presidential election results by the U.S. Congress in Washington
FILE PHOTO: U.S. President Donald Trump holds a rally to contest the certification of the 2020 U.S. presidential election results by the U.S. Congress in Washington

Donald Trump bat bravo pou sa li rele yon "gwo viktwa" apre desizyon Tribinal Siprèm Etazini an te pran sou iminite kriminèl li, kidonk pwoteksyon devan lajistis kriminèl.

"Sa a se yon gwo viktwa pou demokrasi nou an ak Konstitisyon nou an, mwen fyè dèske mwen Ameriken!", se sa ansyen prezidan an ekri sou rezo Sosyal Verite li a.

Sis jij konsèvatè ak 3 jij pwogresis yo te vote. Majorite a konkli ke "prezidan an pa gen okenn iminite pou zak ki pa ofisyèl li yo" men yo di ke "li sipoze gen yon iminite pou zak ofisyèl li yo.”

Desizyon sa a se "yon gwo viktwa pou demokrasi nou an ak Konstitisyon nou an", se konsa Donald Trump te reyaji imedyatman, pandan li ap mennen kanpay pou retounen nan Mezon Blanch.

Ekip kanpay Joe Biden nan akize Repibliken an lendi kòmkwa li "panse li sou tèt lalwa". Yon konseye nan kanpay la di ke desizyon an "pa chanje reyalite a (...): Donald Trump te pèdi tèt li apre li te pèdi eleksyon 2020 an, li te ankouraje yon foul moun al goumen pou ranvèse rezilta yon eleksyon lib e onèt.”

XS
SM
MD
LG