Accessibility links

Breaking News
Azi

Sena Tailand Apwouve yon Lwa ki Legalize Maryaj ant Omoseksyèl

Yon moun selebre apre Sena Tailand finn apwouve ak yon gwo maj yon pwoje lwa istorik pou legalize maryaj ant omoseksyel yo nan Bangkok, 18 Jyen, 2024.

Sena peyi Tailand vote ak yon gwo majorite Madi an favè yon pwojè lwa ki ta legalize maryaj ant moun ki gen menm sèks.

Sete dènye defi ki te poze pou lwa sa a e savledi Tailand apre tounen premye peyi nan sidès Azi ki apwouve yon lwa konsa.

Pwojè lwa a adopte Madi ak 130 vòt an favè pami 152 manm Sena a ki te asiste sesyon palman an. Gen 4 senatè ki vote kont, epi 18 pa vote ditou.

Yon moun selebre apre Sena Tailand finn apwouve ak yon gwo maj yon pwoje lwa istorik pou legalize maryaj ant omoseksyel yo nan Bangkok, 18 Jyen, 2024.
Yon moun selebre apre Sena Tailand finn apwouve ak yon gwo maj yon pwoje lwa istorik pou legalize maryaj ant omoseksyel yo nan Bangkok, 18 Jyen, 2024.

Kounyea a fòk wa peyi a apiye lwa a.

Tailand ap tounen twazyèm peyi an Azi apre Taiwan ak Nepal ki pèmèt omoseksyèl marye. Pwojè lwa egalite maryaj la akòde dwa legal konplè ansanm ak dwa finansye ak medikal pou moun marye kèlke sa jan yo.

Chanm bas palman an te apwouve l alèz alèz nan mwad Avril la.

XS
SM
MD
LG