Accessibility links

Breaking News

TikTok Asiyen Etazini pou Bloke Lwa ki ta ka Entèdi Rezo Sosyal la


Foto Achiv: Logo TikTok sou yon telefon entelijan.
Foto Achiv: Logo TikTok sou yon telefon entelijan.

TikTok ak konpayi Chinwa ki pwopriyetè li, ByteDance asiyen gouvènman federal Etazini poutèt yon lwa ki ta entèdi app popilè a si yo pa vann li bay yon lot konpayi.

Yo depoze plent la Madi devan tribinal. Batay legal ant TikTok ak gouvènman Ameriken an taka dire lontan epi detèmine avni app la Ozetazini.

Konpayi ByteDance deklare lwa a ke Prezidan Joe Biden te siyen nan kad yon pwojè lwa asistans etranje pi laj ki vo $95 milya "nètman enkonstitisyonèl".

Li ajoute ke palmantè ki patwone Lwa ki rele Pwoteje Ameriken Kont Aplikasyon Advèsè Etranje Kontwole ap eseye fè konprann lwa a pa yon entèdiksyon, men pito yon kontwol sou kiyès ki mèt TikTok.

XS
SM
MD
LG