Accessibility links

Breaking News

Lis Peyi ki Deja Entèdi TikTok


FILE PHOTO: Illustration shows TikTok app logo
FILE PHOTO: Illustration shows TikTok app logo

LONDON (AP) — Gen plizyè peyi nan mond lan ki deja mete entèdiksyon kont TikTok e gen anpil lòt kote yon entèdi li nan ekipman gouvènman an. Se paske responsab gouvènman sa yo di yo pè pou app popilè ki pataje video a yo pa pran enfòmasyon pèsonèl yo ni pirate yo sou entènèt.

Aplikasyon TikTok la se pwopriyete konpayi chinwa ByteDance, e gouvènman yo fè konnen yo gen gwo kè sote pou enfòmasyon ke TikTok kolekte yo pa al tonbe nan men otorite chinwa yo.

Koulye a, nan wikenn ki sot pase a, kongrè Etazini vini ak yon nouvo pwojè lwa ki bay ByteDance on delè pou li degaje li “kou mèt Jean Jacques” vann aplikasyon an ak yon konpayi ameriken, oubyen otorite nan peyi a ap mete entèdiksyon kont aplikasyon mobil la sou tèritwa Ameriken an.

Pami peyi ki mete entèdiksyon total sou TikTok nou jwenn Afganistan, End, Nepal ak Somali.

Ostrali, Kanada ak anpil peyi Ewopeyen tankou Bèljik, Dànmak ak Oland entèdi “app” la nan telefòn travay.

Ozetazini, TikTok anba entèdiksyon tou nan aparèy ofisyèl ajans gouvènman yo, nan plizyè eta ameriken, nan Kongrè a ak nan lame.

XS
SM
MD
LG