Accessibility links

Breaking News

Inivèsite Columbia Rale Bak Sou Iltimatòm li Te Bay Elèv ki Tap Manifeste Kont Kagè Izrayèl


FILE PHOTO: Columbia, US colleges on edge in face of growing protests
FILE PHOTO: Columbia, US colleges on edge in face of growing protests

Inivèsite Columbia rale bak sou dèle ke li te fikse ayè jedi-a kote li te bay manifestan anfavè Palestinyen-yo lannwit yè swa a pou yo abandone kan yo sou kanpis la, pandan plis inivèsite nan Etazini te chache anpeche manifestan yo kontinye okipe kanpis yo.

Lapolis te fè yon pakèt arestasyon nan inivèsite nan tout peyi a, pafwa yo te sèvi ak gaz chimik e ak taser pou dispèse manifestasyon kont lagè Izrael ak Hamas la.

Biwo Prezidan Inivèsite Columbia a ki baze nan New York, Minouche Shafik, pibliye yon kominike a 11:07 yè swa, kote li te wete dèle minwi an pou manifestan yo defèt yon gwo kokenn kan ki gen apeprè 200 etidyan.

“Chita-koze-yo moutre gen pwogrè e yo ap kontinye jan nou te planifye yo. Nou gen ekzijans pa nou; yo gen pa yo,” se sa deklarasyon an di. Li demanti ke inivèsite a te rele lapolis vil New York sou kanpis la.

XS
SM
MD
LG