Accessibility links

Breaking News

Sondaj: Plis Pase 1 Ameriken sou 4 Ki gen Plis ke 50 an Di yo Pap Janm Pran Retrèt yo


Foto Achiv: Yon koup gade kouche soley la nan yon pak nan Kansas City eta Missouri, 10 Jiye, 2021.
Foto Achiv: Yon koup gade kouche soley la nan yon pak nan Kansas City eta Missouri, 10 Jiye, 2021.

Plis pase yon ka adilt ki gen plis pase 50 an Ozetazini di yo atann yo aske yo pap janm kapab pran retrèt yo.

Gen 70% ki gen kè sote pou pri machandiz yo kap ogmante pi vit pase salè anyèl yo.

Rezilta sa yo soti nan yon sondaj AARP (Asosyasyon Ameriken Moun Retrete yo) pibliye Mèkredi 24 Avril.

Dapre rezilta sondaj la yo jwenn ke 1 granmoun sou 4 pa ekonomize ase lajan pou yo itilize lè yo pran retrèt yo.

Rechèch montre kijan yon moun Ozetazini kap vinn granmoun gen kè sote sou kijan yo pral peye pou sa yo bezwen pou viv lè yo pran retrèt yo.

Men ekonomis ak politisyen yo di ekonomi peyi a anfòm apre 2 zan enflasyon ki bat rekò.

Rezilta sondaj sa a enpòtan pakse ane sa a se yon ane elektoral, nan moman Prezidan Demokrat Joe Biden ak rival Repibliken li, AnsyenPrezidan Donald Trump ap eseye jwenn sipò elektè granmoun yo.

XS
SM
MD
LG