Accessibility links

Breaking News

Plizyè Lidè Loksidan Mande Hamas pou li Lage Otaj Yo


G7 Foreign Ministers' meeting on the Italian island of Capri
G7 Foreign Ministers' meeting on the Italian island of Capri

Kèk diplomat nan loksidan mande Hamas pou li lage otaj ki rete anba men li nan Gaza, pandan sa fè 200 jou depi Hamas te atake Izrayèl.

“Sa gen 200 jou, Hamas te lanse atak ki touye plis Jwif depi olokos la, » se Sekretè Afè Etranjè Grand Bretay David Cameron ki ekri konsa sou X. Li di, “Depi 200 jou, otaj yo rete anba kòd, e fanmi yo kontinye ap fè fas ak soufrans ke nou pa menm ka imajine.”

Minis Afè Etranjè Almay Annalena Baerbock di: “Toutotan otaj yo pa lib, nou p ap abandone yo. Se sèlman lè yo tounen lakay yo lapè pwal gen yon chans.”

Hamas te atake Izrayèl 7 Oktob, touye anviwon 1.200 moun e pran 250 lòt ann otaj, dapre alye Izrayèl yo. Izrayèl di ke militan yo kenbe anba men yo toujou apeprè 100 otaj ak kadav plis pase 30 lòt.

« Se 2 pati ki ka fè yon antant, e kounyea Hamas moutre ke li pa vle antant, » se sa pòtpawol Depatman Deta Matthew Miller di jounalis yo. Miller di ke nan semenn ki pase yo, Izrayèl te fè mouvman pou rankontre ekzijans Hamas yo nan negosyasyon, sèlman pou li wè Hamas chanje ekzijans sa yo.

XS
SM
MD
LG