Accessibility links

Breaking News

Mwayen Oryan

Biden Ankouraje Izrayèl pou l Mete Dlo nan Diven li pou Konfli Mwayen Oryan an pa Gaye Pi Plis

Prezidan Joe Biden rive Delaware abo avyon prezidansyel Air Force One nan New Castle, 12 Avril 2024.
Prezidan Joe Biden rive Delaware abo avyon prezidansyel Air Force One nan New Castle, 12 Avril 2024.

Lezetazini ap mete aksan sou wòl lap jwe nan jefò pou ede Izrayèl kwape atak ayeryen Iran te lanse kont li.

Prezidan Joe Biden konvoke Dimanch lidè peyi ki fè pati Gwoup dè 7 la, pou eseye anpeche konfli rejyonal nan Mwayen Oryan an pran plis anplè epi kowòdone yon kondanasyon Teheran.

Etazini ede Izrayèl desann plizyè douzèn dron ak misil Iran tire kont li Samdi.

Otorite Izrayelyen yo di yo desann 99% zam Iran lanse kont yo san yo pat koze domaj siyifyan.

Otorite Ameriken yo di malgre Teheran lapide Izrayèl ak yon pakèt zam, objektif Teheran pou "detwi epi touye moun" pat ranpòte siksè.

Etazini di si atak la te gen siksè, li tap koze yon ogmantasyon "enkontwolab" konfli a toupatou nan Mwyen Oryan an.

See all News Updates of the Day

Netwayaj Gaza Ta Ka Pran Plis yon Deseni

Netwayaj Gaza Ta Ka Pran Plis yon Deseni
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:01 0:00

Sitiyasyon an nan Gaza-a ap pi konplike chak jou... Nasyonzini fè konnen pou netwayel yap bezwen anpil lajan e anpil tan.

Los Angeles: Lese-Frape Ant Etidyan Ak Lapolis nan Inivèsite UCLA

Israel Palestinians Campus Protests
Israel Palestinians Campus Protests

Te gen lese-frape bonè jodi mèkredi a nan yon kan manifestan anfavè Palestinyen nan Inivèsite Kalifòni, Los Angeles, ki gen ti non UCLA, kote manifestan ki kont yo te kalonnen yo plizyè fwa ak sa yo jwenn e t ap chache defèt barikad nan kan an.

Pa lòt bò peyi a, lapolis nan vil New York te dispèse yon kan anfavè Palestinyen kote manifestan te okipe yon bilding sou kanpis la.

Otorite nan UCLA deklare ke manifestasyon an ilegal, kote manifestan ap chache fè inivèsite a sispann envesti ann Izrayèl. Yo di li ilegal e ke li vyole politik inivèsite a.

Manifestan yo ak lòt ki kont yo te rete separe youn ak lòt yè madi swa, men sityasyon an te vin pi vyolan grann maten jodi mèkredi a kote moun ki kont manifestan yo te voye fe datifis, te vanse sou barikad kan an e te voye bagay sou manifestan yo. E la te gen ti lese-frape ant 2 kan yo.

Lè responsab inivèsite yo te mande èd lapolis, ajan polis yo pa te prese separe 2 kan yo.

Antony Blinken eksprime detèminasyon Pou Gen Yon Kanpo nan Lagè Gaza a

Prime Minister Benjamin Netanyahu and US Secretary of State Antony Blinken are currently holding a private meeting at the Prime Minister's Office in Jerusalem.
Prime Minister Benjamin Netanyahu and US Secretary of State Antony Blinken are currently holding a private meeting at the Prime Minister's Office in Jerusalem.

Sekretè Deta ameriken Antony Blinken eksprime detèminasyon li jodi mèkredi a pou jwenn yon kanpo nan batay ant Izrayèl ak Hamas, kanpo ki ta gen ladann liberasyon otaj ke Hamas kenbe anba men li nan Gaza, e li di sèl sa ki anpeche li reyalize bu sa-a “se akoz Hamas.”

“Gen yon pwopozisyon ki sou tab la, e nou di pa gen fè lè, pa gen eskiz, lè pou sa fèt la se kounyea,” se sa Blinken di lè li te rankontre ak Prezidan izraelyen Isaac Herzog.

Prensipal diplomat ameriken an mande Hamas plizyè fwa pou li aksepte pwopozisyon pou kanpe batay yo lè li te fè yon vwayaj nan rejyon an kote li te fè eskal nan Arabi Saoudit ak Jòdani.

Herzog di ke lage otaj ki anba men Hamas yo “se e ta dwe premye priorite kominote entènasyonal la.”

Yo kwè Hamas gen apeprè 100 otaj ki anba men li toujou.

Blinken di se Hamas kap Bloke Akò Seselfe ak Izrayel la

Blinken di se Hamas kap Bloke Akò Seselfe ak Izrayel la
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:47 0:00

Sekretè Deta Ameriken an Antony Blinken toujou nan Mwayen Oryan an nan kad rankont pou jwenn yon akò seselfe ant Gwoup Ame Hamas la ak Izrayèl, nan yon konferans ekonomik Blinken fè konnen se Hamas ki bloke Akò sa a. Detay Jeanty Augustin Junior

Etidyan Inivèsite Columbia kap Manifeste Kont Lagè Izrayèl nan Gaza Rete Dozado ak Administrasyon Lekòl la

Etidyan Inivèsite Columbia kap Manifeste Kont Lagè Izrayèl nan Gaza Rete Dozado ak Administrasyon Lekòl la
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:29 0:00

Etidyan Pwo Palestin kap manifeste kont lagè Izrayèl nan Gaza a rete dozado ak administrasyon inivèsite Columbia ki mande yo vakye espas yo okipe a.

Load more

XS
SM
MD
LG