Accessibility links

Breaking News

Yon Gwo Gru Rive Baltimore pou Ede Debleye Pò a


Foto sa a ke Gad Nasyonal eta Maryland distribye bay lapres montre bato kago Dali a nan flev la apre kolizyon ak pon Francis Scott Key la, 26 Mas, 2024.
Foto sa a ke Gad Nasyonal eta Maryland distribye bay lapres montre bato kago Dali a nan flev la apre kolizyon ak pon Francis Scott Key la, 26 Mas, 2024.

Pi gwo gru ki egziste sou kòt ès Etazini rive abò yon bato pou pèmèt travayè yo komanse wetire debri pon ki efondre nan Baltimore la.

Gouvènè eta Maryland, Wes Moore di gru a ka leve jiska 1,000 tònn.

Yo pral sèvi avè l pou debleye flèv la pou ke yo ka reprann rechèch pou kadav 4 travayè ki disparèt apre aksidan an. Sa pral pèmèt yo relouvri tou, wout maritim kle sa a.

Gen yon lòt gru ki nan wout.

Moun te ka wè yon bato ki tap transpòte omwens yon gwo kokenn chenn gru Vandredi maten. Li poko klè si sa moun wè a se pi gwo gru a.

Pandansetan, Kò Enjenyè Lame Etazini di teknisyen operasyon legal yo ap analize done yo ranmase nan pò Baltimore la Mèkredi.

Kò a di manm ekipaj la sèvi ak ekipman sonar pou detèmine ki kote debri a ye epi chache machin ki anba pon ki efondre a.

Gen 8 travayè konstriksyon ki tap ranpli twou nan wout pon an lè kolizyon ak bato kago a fèt la. Gen 2 moun sekouris yo sove yon ti tan apre kolizyon an. Dayiva jwenn kadav 2 lòt moun. Sekouris yo prezime 4 lòt yo mouri.

Enfòmasyon pou repòtaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG